Star

Home

Biochem

Biochem

CellBio

CellBio

Genetics

Genetics

Orf

Orf

Hydro

Hydro

Molsim

Molsim

Cluster

Cluster

Hpc

Hpc

English

Egzanp egzésis

Chwazi youn nan egzèsis ki anba la a. Nan paj egzèsis ki vini ak gid yo, w ap jwenn esplikasyon detaye sou ki jan pou ou sèvi ak lojisyèl StarBiochem lan. Nan paj egzèsis ki vini san gid yo, w ap sèlman jwenn enfòmasyon ansanm ak kesyon sou biyoloji. W ap jwenn yon gid konplè sou StarBiochem nan manyèl nou an.

Egzèsis sou Makwomolekil Biyolojik

  • Gen yon kantite makwomolekil òganik ki egziste nan bagay ki vivan. Men, gen kat gwoup prensipal makwomolekil òganik. Gwoup makwomolekil sa yo se: kaboidrat, lipid, pwoteyin ak asid nikleyik.
egzèsis ki vini ak gid

Egzèsis sou ADN Glikosilaz

  • Nou pral egzamine relasyon ki genyen ant estrikti yon pwoteyin ak fonksyon li nan ADN glikosilaz ki nan yon moun. Ann angle, yo rele ADN glikosilaz la "Human 8-oxoguanine glycosylase" (h O G G 1).
egzèsis ki vini ak gid

Egzèsis sou emoglobin ak anemi falsifòm

  • Nou pral fè rechèch pou nou konnen kouman yon sèl chanjman anndan sekans yon asid amine nan yon molekil emoglobin pral bay anemi falsifòm, ki se yon maladi ereditè ki nan san.
egzèsis ki vini ak gid